top of page

Creole Yon kout je sou ProZ Pro Bono

Pifò pati nan sitwèb sa a an anglè, men nou te vle ofri zanmi ak kliyan nou yo ki nan peyi atravè mond lan yon chan pou konnen pwogram nan nan lang pa yo. Paj ki anba a prezante pwojè a, moun ki ladann yo ansanm ak motivasyon l. Se enpe nan benevòl vedèt nou yo ki tradui l. Epi tanpri remake, ou kapab ekri nou tou nan nenpòt lang epi n ap reponn ou nan menm lang nan.

Creole Yon kout je sou ProZ Pro Bono

Kisa, kilès, kilè, kibò, poukisa?

Kisa?

Pwogram ProZ Pro Bono a se yon inisyativ bonzèv gratis ProZ.com te mete sou pye, pi gwo kominote tradiktè ak entèprèt pwofesyonèl nan mond lan. Pwogram sa a konekte pwofesyonèl lengwistik ak òganizasyon san bi likratif ansanm ak moun ki bezwen sèvis tradiksyon ak entèpretasyon, sou yon baz benevòl. Atravè pwogram sa a, ProZ.com fasilite yon rezo mondyal sou soutyen lengwistik, sa ki rann posib pou jwenn aksè ak enfòmasyon vital epi sèvis pou kominote defavorize yo.

Kilès?

Pwogram ProZ Pro Bono sèvi òganizasyon san bi likratif nan tout mond lan, pou yo kapab abòde kominote miltileng yo, epi devwe resous ra yo genyen yo pou reponn ak objektif prensipal yo ki se sèvi moun ki defavorize yo. Se pwofesyonèl lengwistik ki anrejistre kòm manm sou ProZ.com ki fè travay tradiksyon ak entèpretasyon yo. Moun yo pasyone pou fè yon enpak pozitif, pou sa yo ofri konpetans yo gratis ak moun ki bezwen èd. Se manm ProZ.com yo ki fonde l​

Kibò?

Pwogram ProZ Pro Bono a travay onivo mondyal. Pwofesyonèl lengwistik ansanm ak òganizasyon san bi likratif nan tout rakwen nan mond lan kapab patisipe. Pwogram nan pwofite poutèt ProZ.com ka fèt sou entènèt, ki pèmèt yon kolaborasyon ki janbe fwontyè. Benevòl yo ka ofri sèvis yo epi benefisyè yo kapab mande èd, nan nenpòt kote yo ye nan mond lan.

Kilè?

Pwogram ProZ Pro Bono a se yon inisyativ ki ankou, epi ou kapab patisipe pandan tout ane a. Pwofesyonèl lengwistik yo kapab anrejistre kòm benevòl nenpòt lè, epi òganizasyon san bi likratif oswa moun ki bezwen kapab soumèt demann yo nenpòt lè sa nesesè. Fleksiblite ki gen nan tan an pèmèt nou kapab bay yon repons imedya ak bezwen lengwistik ki ijan yo.​

Poukisa?

Pwogram ProZ Pro Bono a jwe yon wòl enpòtan pou bouche twou lengwistik pou sila ki si se pa t pou pwogram sa a, te ka ap goumen pou bay oswa pou jwenn aksè ak enfòmasyon ansanm ak sèvis enpòtan. Li aliyen ak valè fondamantal ProZ.com, ki se pou ankouraje kolaborasyon ak soutyen nan kominote tradiksyon ak entèpretasyon, epi pou fè yon diferans enpòtan nan mond lan. Pwogram sa a ranpli yon misyon pi laj pou ankouraje konpreyansyon, kominikasyon epi aksè pou jwenn enfòmasyon onivo mondyal.

Pwogram nan se yon jefò ki chaje konpasyon ak enpak ki pèmèt pwofesyonèl lengwistik yo ofri nan yon fason benevòl konpetans yo, bay sèvis ki enpòtan anpil ak sila ki nan tout glòb la. Tradiktè ak entèprèt benevòl ki nan Pwogram ProZ Pro Bono yo kapab kole kapasite ak konpetans yo, pa pou pwofi pwòp tèt pa yo, men pou fè yon enpak pozitik nan lavi sila ki bezwen sipò lengwistik.

Translated by Danielle Josyle

bottom of page